Anvan nou kòmanse, li enpòtan pou w konnen ke w kapab gen aksè a kèk sèvis Copel
atravè Whatsapp nan nimewo + 55 41 3013-8973! Yo endike sèvis sa yo atravè tèks sa a.
Nou swete w byen vini ou menn ak fanmi
w nan peyi Brezil, espesyalman nan eta Parana!
Nan ti livrè sa a, w ap jwenn prensipal
enfòmasyon sou sèvis enèji elektrik Copel la.
Ou kapab anrejistre nan Copel kòm “Pessoa Fisíca”
[Pèsòn Fizik] – pou w mete kouran lakay ou
-, oubyen kòm “Pessoa Jurídica” [Pèsòn Jiridik] – pou w mete kouran nan biznis ou.
La a w ap jwenn enfòmasyon pou anrejistre
kòm “Pessoa Física” [Pèsonèl Fizik].
“Cadastro de Pessoas Físicas – CPF” [CPF: Rejis Pèson Fizik] Enskripsyon ak CPF la ka fèt sou entènèt, sou sit Receita Federal la.
“Carteira de Registro Nacional Migratório – CRNM” [Kat Rejis Nasyonal Migrasyon an – CRNM] ki rele tou RNE “Registro Nacional de Estrangeiros – RNE” [Rejis Nasyonal pou Etranje].
Enskripsyon pou jwenn CRNM a ka fèt sou sit entènèt Polis Federal la site da Polícia Federal.
W ap bezwen tou pou enfòme adrès ou, nimewo telefòn selilè w oubyen telefòn fiks ak e-mail ou.
Fè yon “Pedido de ligação” [Demann de koneksyon] nan “Agência virtual” [ajans vityèl], pa telefòn oswa nan yon ajans fizik.
Pou fè yon nouvo demann de koneksyon, li nesesè pou w prepare estrikti fizik “entrada de serviço” [rantre pou sèvis] kote w ap fè enstalasyon sèvis la anvan.
Estrikti sa a dwe gen ladan l, poto elektrik la, kontè a, fil ak brekè a.
Estrikti a dwe rantre nan nòm teknik e sekirite Copel egzije yo epi tou li dwe apropriye ak chaj ke yo ap itilize.
Nou rekòmande pou w kontakte elektrisyen kalifye pou fè sèvis sa a, paske pou yo konekte w, fòk Copel aprouve estrikti fizik kote w vle fè enstalasyon an.
Dokiman nesesè pou koneksyon an:
W ap mande “Troca de titularidade” [Chanje abone], ou ka fè a sou entènèt la nan, “Agência Virtual” [Ajans Vityèl], pa telefòn oubyen nan yon ajans fizik.
Si w rete nan fèm kay oubyen kote w rete a se pou yon “titular” [lòt moun], ou kapab anrejistre bil kouran an sou non pèsonèl ou, nan “unidade consumidora” [inite konsomatè], yo itilize tèm sa a pou fè referans a lokal ki pral resevwa kouran an (lakay ou a, pa egzanp).
Chanjman non moun ki te anrejistre anvan an sou kont lan ap fèt sèlman aprè verifikasyon preyalab,
sa vle di, si ta genyen bòdwo kouran Copel ki anrejistre
sou non w ki poko peye ap anpeche w jwenn sèvis la.
Dokiman nesesè:
Nan Copel, pwofesyonèl ki la pou fè “leitura” [lekti] o swa kontwole enèji, gaz ak dlo nan inite konsomatè yo rele “leiturista” [lektè].
Yo koupe kouran lakay mwen pou mank de pèyman?
Ki sa mwen dwe fè?
Aprè w fin peye bòdwo ki te an reta a, fè “Pedido de religação” [Demand rekoneksyon] an atravè aplikasyon Copel la, oswa atravè
Ajans Vityèl, oubyen nan ajans fizik.